Ayiti/Ensekirite : Sòlda salvadoryen yo toujou disparèt nan Santo, operasyon ak batay ap kontinye. ‎

.Jiska prezan, kat (4) sòlda salvadoryen ki fè pati Fòs Represyon gang nan(FRG) toujou pa bay okenn siy de vi. Sòlda sa yo te tonbe nan yon anbiskad dimanch pase a nan zòn Santo, e depi lè sa a, moun pa konn kote yo ye.
‎
‎Dapre yon nòt ki rann piblik nan mitan jounen madi 20 oktòb 2026 la, operasyon pou eseye jwenn epi sove sòlda sa yo ap kontinye sou teren an ak anpil fòs, avèk soutyen elikoptè ki ap siveye zòn nan. Nan kad operasyon sa yo, plizyè bandi ta mouri nan tire kout bal, dapre sa kominike a rapòte. Yon lòt bò, kat lòt sòlda FRG blese, men yo deja ap pran swen medikal ki nesesè yo.
‎
‎Nan kominike a, lidèchip FRG la pran tan pou salye epi remèsye gouvènman salvadoryen an pou jan li ap ede ak kòdone aksyon yo nan moman difisil sa a.
‎
‎Sepandan, gen yon detay ki atire anpil atansyon: kò a pa pase yon mo e li pa voye okenn mesaj bay gouvènman defakto ayisyen an. Jiska madi swa, otorite an plas yo nan Pòtoprens pa te ko bay okenn reyaksyon ofisyèl sou dosye grav sa a ki enplike fòs etranje ki ap goumen kont gang nan peyi a.
‎
‎Devan sitiyasyon tansyon sa a ak gwo operasyon ki ap fèt nan zòn nan, FRG lanse yon avètisman fèm bay moun ki ap viv nan zòn Santo ak anviwonman l yo. Yo mande popilasyon an pou li rete anndan kay li epi evite tout sektè ki konsidere kòm zòn riisk ak anbiskad pou pwòp sekirite l.


‎

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Ensekirite a tounen yon biznis ak yon estrateji pou kenbe pouvwa a nan lakou peyi Dayiti

  Peyi a ap tranble depi lontan anba yon vyolans san manman ki blayi lapèn …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager