Ayiti/Eleksyon: Sou presyon entènasyonal la Alix Didier Fils-Aimé lage nan Kous pou dekrè elektoral la.

Nan yon chanjman vitès ki siprann anpil moun, Premye Minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé, anonse li pral pibliye dekrè elektoral la san pèdi tan. Desizyon sa a vini pandan anpil obsèvatè remake chèf gouvènman an pat sanble gen okenn prese, ni okenn plan reyèl pou òganize eleksyon nan peyi a depi li te moute sou pouvwa a.

Dapre plizyè sous ki pwòch Primati a, òganize eleksyon pat janm priyorite nimewo en pou Fils-Aimé. Pandan plizyè mwa, dosye sa a te rete nan tiwa, san okenn aksyon konkrè ki te fèt pou mete machin elektoral la an mach. Sepandan, swadizan « zanmi Ayiti » yo nan kominote entènasyonal la pa te tande li nan zòrèy sa a.

Presyon diplomatik yo, sitou bò kote Etazini ak Nasyonzini, vin tèlman fò ke Premye Minis la wè se sèl fason pou li sove chèz li epi kenbe pòs li se nan asepte avanse ak pwosesis la.

Youn nan pwen ki pi bay pwoblèm nan dekrè sa a se egzijans atik 139 la pou chak pati politik genyen omwen 30,000 manm pou yo ka anrejistre. Pandan anpil ti pati ap rele anmwe kont mezi sa a yo konsidere kòm yon fason pou elimine yo, pou Premye Minis la, kounye a « tout bagay kòrèk. » e li dakò ak atik la.

Li sanble soti nan silans li pou li defann mezi sa a, pandan li ap eseye montre kominote entènasyonal la li pran responsablite li oserye.

Pou montre li deside vre, Fils-Aimé kòmanse avanse dat (out 2026) pou òganizasyon jout elektoral yo. Men, nan lari a, dout yo anpil:
Kijan eleksyon pral fèt nan yon peyi kote gang kontwole plis pase 80% kapital la?
Èske dekrè sa a se yon volonte pou demokrasi, oubyen se jis yon estrateji pou li rete nan pouvwa a pi lontan?

Antouka, pou kounye a, Alix Didier Fils-Aimé ap jwe yon kat diplomatik enpòtan. Li asepte kondisyon yo te enpoze li a pou li ka evite kòlè blan an, men wout pou eleksyon sa yo fèt toutbon an rete yon gwo mòn ki gen anpil pikan.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Terreur dans la Plaine : Barbancourt en deuil, l’État haïtien aux abonnés absents

La Plaine du Cul-de-Sac a franchi un nouveau cap dans l’horreur cette semaine. Un employé …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager