Anbasad Ayiti nan peyi Lafrans anonse ak anpil fyète yon gwo nouvèl pou espò ak kilti ayisyen an. Sou pwopozisyon anbasad la, gwo vedèt foutbòl entènasyonal nou an, Melchie Daëlle Dumornay, jwenn distenksyon pou li resevwa Meday Onè Sena fransè a. Gwo kado sa a tonbe nan kad selebrasyon Semèn Amerik Latin ak Karayib la ki ap fèt an Frans.
Dumornay, ke tout moun konnen sou non Corventina, fèk sot briye anba gwo limyè dokiman ofisyèl sa a apre li fin reyalize yon sezon estrawòdinè kote yo te sakre li kòm meyè jwèz nan chanpyona fransè a (D1 Arkema) anba koulè ekip Olympique Lyonnais.
Dapre nòt Anbasad la pibliye, distenksyon sa a pa sèlman rekonpanse gwo tonton talan madmwazèl la genyen nan pye l, men li salye tou wòl li kòm yon poto mitan pou ekip nasyonal la, Grenadyè yo. Li tounen yon senbòl ekselans ki ap sèvi kòm sous enspirasyon ak modèl pou tout jèn anndan peyi Ayiti ki ap chache yon chimen limyè.
Meday Onè sa a montre aklè enpòtans foutbòl la genyen nan diplomasi ak nan fason li fè non peyi Ayiti sonnen anbyen nan zòrèy entènasyonal la. Li ranfòse tou lyen kiltirèl ak espòtif ki egziste ant Ayiti ak Lafrans.
« Melchie Daëlle Dumornay enkane ekselans epi li ap enspire jenès ayisyen an. Distenksyon sa a souliye wòl li nan fè raye non Ayiti sou sèn entènasyonal la, » se sa anbasad la rapòte ak anpil emosyon.
Pandan li ap kontinye ekri non li nan liv istwa foutbòl mondyal la, Corventina montre yon fwa ankò ke ak detèminasyon ak travay di, jèn ayisyen kapab rive nan pi gwo somè ki genyen sou latè. Nasyon an ap bat bravo pou pitit fi li a.
Echojounal echojounal.net