Depi kòmansman lane 2026 la, se menm refren an ki ap repete nan zòrèy pèp ayisyen an. Chif yo ap tonbe tankou lapli, men sitiyasyon an pa janm chanje. Dènye rapò Wo Komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun (HCDH) pibliye montre nwa sou blan : 2 310 moun mouri, 1 106 blese, ak 99 lòt ki viktim kidnaping anba men gang ame.
An kòlè ak anba dlo nan je, popilasyon an ap poze yon sèl keksyon : Èske wòl òganizasyon entènasyonal sa yo se rasanble chif sèlman epi konte kadav ?
Dèyè chak grenn chif sa yo, gen yon istwa, gen yon lavi ki koupe fache, gen yon fanmi ki ap kriye. Lè Nasyonzini di gen 2 310 moun ki pèdi lavi yo nan espas senk (5) mwa, sa pa deplase yon sèl ti kras nan reyalite moun ki ap viv nan katye popilè yo oubyen nan zòn Bas-Artibonite, kote gang yo ap simen latwoublay.
Pou anpil obsèvatè ak sitwayen nan peyi a, rapò sa yo tounen yon woutin ki pa gen okenn itilite pratik sou tèren an. Pandan biwo yo byen chita nan bèl bilding klimatise ap mete estatistik yo ajou, pèp la menm ap mouri anba bal, medam yo ap sibi kadejak, epi timoun ap pèdi avni yo. Sanble gen yon fòm « normalizasyon » laterè a kote lavi ayisyen tounen senp kalkil matematik pou ranpli dokiman diplomatik.
Sa ki pi rèd la, chak fwa yon rapò konsa soti, li toujou akonpanye ak menm diskou a : « Nou kondane ak dènye rigè », « Nou mande pou vyolans lan sispann ». Men, apre sa, anyen pa fèt. Estrateji sa a, ki baze sou gade epi konte konbyen moun ki tonbe chak jou, montre limit sistèm entènasyonal la an Ayiti.
Lè nou ap gade deplwaye fòs sekirite yo ak tout pwomès ki te fèt, nou an dwa pou nou mande : Ki plan reyèl ki genyen pou stope machin lanmò sa a ? Konte viktim yo enpòtan pou memwa ak jistis, men anpeche moun yo mouri pi enpòtan toujou.
Ayiti pa bezwen kontab pou vin di li konbyen san ki koule sou tè a, li konnen sa deja paske se li ki ap peye pri a chak jou nan kò li ak nan lespri li.
Pandan nou ap nwaye anba chif HCDH ak BINUH yo, ijans lan rete menm jan an : sekirite total kapital ak yon vre soulajman imanitè. Si òganizasyon entènasyonal yo pa ka ede Ayiti bloke bra kriminèl yo, yo ta dwe omwen sispann fè espektak ak dezas nou an. Paske, an verite, lavi pèp ayisyen an valè plis pase yon senp rapò estatistik sou paj papye.
Echojounal echojounal.net