LÈ SOUFRANS TIMOUN YO TOUNEN BIZNIS POLITIK: Kijan PNCS tounen yon kach-kach pou dirije yo nan plas yon pwogram sosyal.

Depi kreyasyon li an 1984, Pwogram Nasyonal Kantin Lekòl (PNCS) te gen yon sèl gwo misyon byen klè: garanti yon plat manje cho pou timoun nan lekòl Leta ak lekòl ki pa gen gwo mwayen yo. Nan yon peyi kote grangou ap koupe trip plis pase mwatye nan popilasyon an, PNCS sipoze yon gwo poto mitan pou kenbe timoun yo lekòl epi ede yo aprann pi byen.

Men jodi a, reyalite a tris. Enstitisyon sa a tounen yon kach-kach, yon vye zouti politik kote otorite yo ap fè tonton nwel sou do timoun ki grangou.

Sou papye, wòl PNCS enpòtan anpil pou devlopman peyi a. Lè yon timoun jwenn on plat manje nan lekòl la:
– Li rete konsantre pi byen nan klas la.
– Paran yo jwenn yon ti soulajman nan bidjè yo.
– Sa ankouraje timoun yo pa kite lekòl.

Men, depi plizyè ane, kantin lekòl la tounen yon rakwat pou klas politik la ak gouvènman ki pase yo. Olye pou yo achte pwodwi lokal lakay agrikiltè nou yo pou bay timoun yo manje, PNCS tounen yon machin pou fè kòb sou do Leta ak sou do òganizasyon entènasyonal yo. Manje pa janm rive kote yo dwe rive a, oubyen se vye rès yo distribye bay ti malere yo lè yo vle.

PNCS: Yon « Gato » pou politisyen separe ak patizan yo
Kritik yo anpil, epi yo klè: klas politik ayisyen an pa wè PNCS tankou yon pwogram sosyal, yo wè li tankou yon « gato » pou yo separe. Youn nan pi gwo pwoblèm enstitisyon sa a, se jan yo nonmen moun nan tèt li.

Chak fwa gen yon nouvo gouvènman, oswa yon nouvo negosyasyon politik, yo pran direksyon PNCS yo bay yon pati politik oswa yon palmantè kòm kado pou satisfè enterè pèsonèl yo. Rezilta? Yo mete moun ki pa gen okenn konpetans nan jesyon pwogram sosyal, depi se « moun pa ».

Politisyen yo sèvi ak PNCS tankou yon zouti pou fè kanpay elektoral anba chal:
1. Yo sere diri, pwa, ak lwil pou yo bay nan zòn pa yo sèlman pou yo ka fè vote yo.
2. Yo kreye « anplwaye fiktif » (moun ki ap manyen kòb san yo pa janm travay) pou peye dèt politik.
3. Yo fè magouy ak machann diri enpòte olye yo ankouraje pwodiksyon nasyonal la.

Pandan politisyen yo ap voye chèz pou kòk nan tèt PNCS pou jwenn kontwòl bidjè a, timoun nan katye popilè yo ak nan pwovens yo ap pase jounen yo grangou, vant vid, ak yon krèk nan gòj yo devan yon tablo nwa.

Li se yon krim kont lespri ak kont lavni peyi a pou lidè politik yo ap jwe ak vant timoun lekòl. Gouvènman yo ak klas politik la montre klèman yo pa gen okenn vizyon serye pou edikasyon ak chanjman sosyal nan peyi a.

Si nou vle sove sa ki mouri a, fòk gen yon gwo kout bale ki fèt nan PNCS. Enstitisyon sa a bezwen:
Otonomi finansyè ak teknik pou li soti anba grif politisyen malonèt.
Odisyon serye sou kote lajan ak manje yo pase.
Yon direksyon ki baze sou merit ak konpetans, pa sou kiyès ki te nan kanpay pou kiyès.

Peyi a pa ka ap pale de « lavni » pandan nou ap kite grangou ap manje entèlijans timoun yo jodi a. Li lè li tan pou PNCS sispann sèvi kòm bwat lèt pou politisyen, pou li tounen sa li te dwe ye a: yon vrè pwogram nasyonal pou sove lavni timoun nou yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Kriz ak Demokrasi: Poukisa Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a pa dwe tounen jwèt nan men pyès sektè politik

Nan moman kote peyi a ap chèche yon chimen pou soti nan kriz ki ap …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager