Kou dapèl Pòtoprens rejte tout rekou ansyen responsab Pwogram Nasyonal Kantin Lekòl (PNCS) yo. Phanèse R. Laguerre ap rete nan prizon nan sou-komisarya Vivy Mitchell, epi akizasyon yo vin pi lou sou do li avèk vòl manje elèv yo.
Jistis la pran yon desizyon solid nan dosye koripsyon ki gen pou wè ak Pwogram Nasyonal Kantin Lekòl (PNCS). Kou dapèl Pòtoprens deside voye ansyen kòwòdinatris enstitisyon an, Phanèse R. Laguerre, ansanm ak ansyen konsèye teknik li a, Alberto Dort, dirèkteman devan Tribinal Kriminèl san asistans jiri. Jij yo mete sou kote tout eskiz ak pwosedi avoka yo te ap prezante pou eseye jwenn libète yo.
Pandan plizyè mwa, defans akize yo te vle fè kwè se sèlman Kou de Kont (CSCCA) ki gen dwa jije aksyon ansyen gwo fonksyonè sa yo. Men, Kou dapèl la pa t lache kòd : jij yo fè konnen depi se koze koripsyon, trafik enfliyans ak vòl lajan Leta, sa rele krim finansye epi se tribinal òdinè (jistis penal) ki gen konpetans pou jije sa.
Pou sa ki konsène Phanèse R. Laguerre, sitiyasyon an vin pi rèd. Kou a rejte demand liberasyon li a. Jij yo jistifye desizyon sa a poutèt gwo kriz sekirite k ap sakaje peyi a, epi paske gen gwo risk pou akize a ta sove kite peyi a si yo ta lage l. Konsa, ansyen kòwòdinatris la ap rete fèmen nan sou-komisarya Vivy Mitchell la, ankadre anba siveyans jistis la jiskaske pwose li rive.
Akizasyon yo vin pi lou : Manje timoun lekòl yo nan mitan tonton koze a
Nan fon dosye a, prèv yo sanble mare akize yo pi rèd :
Alberto Dort : Jistis la kenbe akizasyon « priz ilegal denterè » sou do li. Yo dekouvri li se ko-pwopriyetè yon konpayi fiktiv (antrepriz ekran) ki te konn pran gwo kontra nan men PNCS pandan li menm li te konseye teknik nan enstitisyon an.
Phanèse R. Laguerre : Pou li menm, chay la vin pi lou toujou. Apa akizasyon q« abiz de fonksyon » ak « pasasyon mache piblik ilegal », Kou a deside ajoute yon lòt gwo akizasyon chita tande : detounman byen piblik. Dapre sa ankèt la montre, Leta te fin peye gwo lajan pou achte estòk manje pou bay timoun yo nan lekòl yo, men manje sa yo pa janm rive nan destinasyon yo.
Se yon gwo kout klib jistis la bay nan dosye sa a. Kounye a, dosye a pare nèt pou gwo pwose a fèt nan Tribinal Kriminèl, kote de ansyen responsab sa yo pral gen pou yo defann tèt yo devan lalwa.
Echojounal echojounal.net