Pandan nivo vyolans lan ap monte yon kran chak jou nan peyi a, depatman Latibonit la tounen yon veritab « simityè anba syèl fiks ». Samdi 9 me 2026 la, se depatman sa a ki te sèn yon lòt sèn laterè kote gang « Grand Grif » nan Savyen touye omwen 8 moun epi blese 3 lòt nan lokalite Kafou Robert. Men, pi lwen pase san ki koule a, se silans gouvènman defakto a ki ap pouse popilasyon an nan dezespwa.
Li te anviwon 5kè nan maten lè bal te kòmanse chante nan Kafou Robert, yon kalfou estratejik ki relye komin Vèrèt, Dezam ak Sen Mak. Depi Leta pèdi kontwòl Wout Nasyonal nimewo 1 an nan men gang, se sou vwa segondè sa a malere ap pase pou eseye chèche lavi.
Se la tou lanmò te deside tann yo. Sis nèg ame, ki soti nan zòn Lyankou, tounen zam yo sou moun ki te sou moto. Pami viktim yo, nou jwenn Joseph Casséus, yon jèn etidyan nan 4yèm ane jeni sivil nan Inivèsite Nissage Saget (UNISSA). Yon rèv ki koupe fache ak lavi, yon lòt sèvo peyi a pèdi poutèt yon bal mawon.
Sa ki pi revoltan nan dram sa a, se pa sèlman mechanste gang yo, men se absans total fòs lòd yo. Malgre prezidan CASEC la, Wilbert Michel, te bay komisè prensipal Sen Mak la, Livenson Gauthier, alèt la depi nan maten, lapolis te pran plizyè èdtan anvan yo te montre figi yo.
« Nan matyè sekirite, se volontè ki ap sakrifye tèt yo depi plizyè lane, » se deklarasyon Wilbert Michel, ki montre aklè jan Leta santral la abandone katriyèm seksyon kominal Sen Mak la nèt ale.
Pandan popilasyon an ap konte kadav, gouvènman defakto a nan Pòtoprens sanble pi enterese nan negosyasyon politik oswa nan pwoteje chèz yo pase sekirize lavi moun nan pwovens. Latibonit, ki se « grenye peyi a », tounen yon tè kote se kriminèl ki ap fè lwa, vòlè bèf peyizan, boule moto yo, epi deside kilès ki ap viv ak kilès ki ap mouri.
Sou rezo sosyal yo kòm nan lari Sen Mak ak Vèrèt, kòlè a nan nivo ki pi wo a. Moun yo pa mande bèl diskou ankò, yo mande aksyon. Atak Kafou Robert a se prèv frapan gouvènman sa a pa gen okenn plan pou pwoteje sitwayen yo.
Pandan otorite yo ap miltipliye pwomès « sekirite » nan radyo, reyalite a sou teren an di kontrè a: gang yo ap elaji teritwa yo, yo ap touye jèn ki ap etidye, epi Leta rete bra kwaze. Jiska kilè san moun Latibonit ap kontinye sèvi « ank » pou ekri istwa echèk gouvènman sa a?
Echojounal echojounal.net