Apre grenadye yo te fin bat Repiblik Dominikèn, sipòtè ayisyen yo bay yon leson pwòpte ak respè.

Ekip nasyonal ayisyèn nan pat sèlman reyalize yon gwo viktwa sou teren an pandan li kraze Repiblik Dominikèn (4-1) nan Stade Félix Sánchez la. Nan fen match la, se nan tribin yo yon lòt gwo viktwa ta pral fèt, fwa sa a gras ak konpòtman ekselan sipòtè ayisyen yo.

Apre siflèt final la, pandan selebrasyon yo te ap bat plen tanbou, plizyè fanatik ayisyen te pran inisyativ pou yo ranmase tout plastik, boutèy ak fatra ki te rete nan zòn kote yo te chita a. Yo te kite graden yo pwòp anvan yo te kite estad la.

Imaj sa yo, ki gaye toupatou sou rezo sosyo yo atravè plizyè videyo, ap resevwa anpil elòj ak aplodisman nan tout peyi a tankou nan lòt peyi nan mond lan. Nan yon moman kote tansyon oswa rivalite souvan domine match konsa, jès senp men pwofon sa a montre yon bèl vizaj pèp ayisyen an : yon pèp ki gen disiplin, civism ak anpil respè pou espas piblik yo.

Aksyon sa a sipòtè yo poze a sonnen tankou yon gwo leson pwòpte ak matirite voye bay fanatik dominiken yo ak tout mond lan nèt. Sou teren an tankou nan tribin yo, Ayiti kite yon mak tou nèf ak yon bèl egzanp pou tout moun swiv.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Lionel Messi jwe dènye match li ak seleksyon Ajantin nan

Yon paj istorik nan foutbòl mondyal la travèse ak anpil emosyon nan lannwit madi 6 …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager