Nan yon operasyon siveyans ki dire 72 èdtan, sèvis entèlijans PNH la ak DCPJ dekouvri yon mouvman lajan masif sou platfòm NatCash ak MonCash. Tranzaksyon sa yo, ki varye ant 5 000 ak 15 000 goud, ta gen lyen dirèk ak gwoup ame ki ap opere nan peyi a.
Fòs lòd yo frape yon gwo kout ba nan sistèm finansman gwoup ame yo nan peyi a. Gras ak yon dispozitif siveyans dijital ki sere, sèvis entèlijans Polis Nasyonal la (PNH) ansanm ak Direksyon Santral Lapolis Jidisyè (DCPJ) rive idantifye plis pase 18 000 tranzaksyon finansye sispèk ki fèt nan yon espas twa (3) jou sèlman sou de (2) gwo platfòm pèman mobil peyi a : NatCash ak MonCash.
Dapre enfòmasyon ofisyèl enstitisyon polisyè a mete deyò, chak operasyon sa yo gen yon montan ki konprann ant 5 000 ak 15 000 goud.
Si w gade chak tranzaksyon apa, sòm yo ka sanble òdinè. Men, lè ou miltipliye ti montan sa yo pa plis pase 18 000 fwa nan 72 èdtan, sa bay yon mas lajan konsiderab ki ap sikile. Nan jagon sekirite finansye, teknik sa a ki konsiste nan divize gwo sòm lajan an plizyè ti transfè se yon metòd klasik rezo kriminèl yo itilize pou yo eseye kache tras yo epi evade kontwòl sistèm bankè yo.
Premye done ankèt la montre nimewo telefòn ki te nan sant echanj sa yo ta lye ak manm gwoup ame ki ap simen latwoublay sou teritwa nasyonal la.
Dapre analiz PNH la, kòb sa a ta ap sikile pou plizyè rezon :
1- Achte materyèl, lojistik, oswa peye manm ak konplis ki nan rezo a ;
2- Netwaye lajan ki soti nan zak ilegal (tankou kidnapin) pou fè li antre nan sikwi ekonomik nòmal la ;
3- Finanse yon estrateji pou sabote oswa ralanti operasyon sekirite lapolis ap mennen sou teren an.
Deteksyon sa a se sèlman premye etap la. Espesyalis nan Direksyon Santral Lapolis Jidisyè (DCPJ) ap kontinye pase tout done dijital yo anba loup. Objektif la klè : idantifye tout benefisyè ki ta ap resevwa kòb sa yo, remonte jiska kòmanditè yo moun ki bay lòd epi ki finanse rezo a yon fason pou demantle tout estrikti kriminèl la.
Echojounal echojounal.net