‎PNH/Nòt: Avètisman kont zak vyolans ak vandalis nan manifestasyon yo

‎Nan yon nòt ki rann piblik jounen lendi 16 novanm 2026 la, Direksyon Jeneral Polis Nasyonal Dayiti (PNH) pote an konsiderasyon yon seri mezi estrik li ap pran pou kenbe lòd ak sekirite piblik. Enstitisyon polisyè a fè konnen li ap pran sanksyon ak mezi legal kont nenpòt moun oswa gwoup moun ki ta itilize mouvman manifestasyon yo pou komèt zak vyolans, pote destriksyon, fè vandalis, oubyen twouble lapè nan lari a.
‎
‎Nan menm anons sa a, PNH raple tout òganizatè ak lidè gwoup ki ap planifye pou desann nan lari yo devwa legal yo genyen pou enfòme otorite konpetan yo omwen 48 èdtan davans anvan nenpòt gwo rasanbleman oswa atelye sou wout piblik. Enstitisyon an ensiste tou sou nesesite pou gen yon kòdinasyon sere-sere sou dispozisyon sekirite yo ak fòs lòd yo anvan manifestasyon yo demare.
‎
‎Otorite polisyè yo apiye demach sa a sou nesesite pou pwoteje lavi ak byen sitwayen yo, ansanm ak enfrastrikti piblik ak prive yo. PNH di li rete angaje li pou li fasilite egzèsis dwa ak libète fondamantal yo, men li pap tolere okenn debòdman ki vize kraze brize oubyen mete sekirite piblik an danje.
‎
‎Avètisman sa a tonbe nan yon kontèks kote popilasyon an ap swiv ak anpil atansyon tout mouvman ki gen rapò ak lavi politik ak sosyal peyi a.
‎
‎

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Inyon Ewopeyen frape, sanksyon tonbe sou kat gwo gang ak chèf yo nan peyi Dayiti.

Nan yon desizyon ki pran Lendi 16 novanm 2026 la, Konsèy Inyon Ewopeyen an anonse …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager