Plizyè zòn nan komin Kwadèboukè plonje nan yon terè san parèy. Popilasyon an ap viv anba gwo latèrè pandan bandi yo tounen ak tout fòs yo pou vin fè revanj sou sitwayen ki te montre lajwa lè fòs lòd salvadoryen yo te pote boure nan komin nan. Jounen jodia, zòn nan tounen yon basyon lanmò kote bandi ame yo deja touye plizyè moun.
Bandi yo ap fè kontwòl nan lari yo, yo ap fouye telefòn moun pou chèche wè si yo gen foto oubyen mesaj ki gen rapò ak prezidan Nayib Bukele. Senp prezans yon imaj oubyen yon lide sou telefòn lan ase pou sèvi akizasyon pou yo egzekite yon inonsan sou plas. Popilasyon an bloke, yo pa konn ki sen pou yo rele, yo lanse yon gwo kri SOS pou jwenn sekou anvan yon katastwòf pi mal tonbe sou tèt yo.
Devan zak babari sa yo ki ap fèt gran lajounen, gouvènman an rete an silans epi montre yon enkapasite total ki bay frison. Enpilsyon ak vizyon absan dirijan yo mete lavi plizyè milye sitwayen an danje chak segonn. Leta sa a ki montre li pa gen ni volonte ni konpetans pou pwoteje pèp la vin tounen yon konplis pasif nan sa ki ap pase a.
Popilasyon Kwadèboukè abandone nan men lwijanboje yo, sa ki konfime echèk total yon pouvwa ki montre li depase pa misyon li.
Echojounal echojounal.net