Deklarasyon piman bouk Johny Placide: Yo mete gwo presyon sou jèn jwè yo pou yo pa vin nan seleksyon an

Kòmandan ak gadyen seleksyon nasyonal la, Johny Placide, mete deyò yon reyalite trè difisil anpil moun pa konnen ki kache dèyè rido foutbòl ayisyen an. Nan yon deklarasyon san kout lang, ansyen kapitèn Grenadye yo revele jan anpil jèn jwè ki ap evolye nan klèb etranje ap sibi gwo presyon ak menas pou yo pa vin reprezante Ayiti.

Arapo ak sa Johny Placide rapòte, refi oswa absans kèk jèn jwè nan seleksyon an se pa yon kesyon mank patriyotism oswa yon desizyon pèsonèl. Sabotaj sa a soti dirèkteman nan men klèb pwofesyonèl yo ki ap mete jwè yo nan yon kalfou danjere pou kariyè yo.

« Gen anpil jèn jwè ki pa vini nan seleksyon an mwen pa panse se volonte yo, mwen panse ke yo mete anpil presyon sou yo, anpil fwa yo di yo si ou fè chwa sa fok ou asime konsekans yo, » se sa gadyen an dekri ak anpil chagren.
Gwo sakrifis ak konsekans sou kariyè jwè yo

Johny Placide eksplike ke rezon ki fè li pale sou sa se pa pou li chèche kont ak pèsòn, men se pou li pèmèt piblik la ak fanatik yo konprann sakrifis ak tèt chaje kèk jwè rankontre lè yo chwazi vin pote koulè nasyonal la.

Dapre kòmandan an, gen jwè ki pran kouraj ak de men epi ki deside vin jwe pou peyi yo malgre presyon yo, men konsekans yo konn lou anpil lè yo tounen nan ekip yo. Yo konn pèdi plas titilè yo, yo sibi sanksyon an kachèt, oswa yo wè kariyè yo nan klèb la pran yon gwo kout frein.

« Mwen pa di sa pou mwen regle kont, se jis pou mwen fè moun yo konprann gen jwè ki vinn jwe pou Ayiti ki mete tèt yo nan difikilte ak klèb yo, genyen ki vini, lè yo tounen nan klèb yo, yo pèdi estati titilè, » Johny Placide ajoute.

Deklarasyon sa a vin jete yon lòt limyè sou defi dirijan foutbòl ayisyen yo ak jwè entènasyonal yo gen pou yo afwonte, kote pasyon pou patri a ak reyalite kariyè pwofesyonèl la ap fè yon gwo kolizyon.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Le Brésil s’impose face à l’Australie, mais perd Raphinha sur blessure

  Soirée à double visage pour la Seleção. Si le Brésil l’a emporté face à …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager