Sarthe anba gwo frap: Èske se konplisite Leta ki ap bloke relouvri Ayewopò a?

Depi kèk jou, se yon sèl rèl ki gen nan zòn Sarthe, Drouillard, ak tout rès komin Kwadèboukè a. Gang ame yo deside mache sou sa ki te rete nan diyite popilasyon an. Batay ant nèg ame pou kontwòl teritwa tounen yon rital chak jou, kote sèl sa ki ap chante se manman mitralyèz. Men, dèyè lafimen bal sa yo, gen yon reyalite ki pi fredi: yon Leta ki absan, yon Leta ki ap gade, e petèt, yon Leta ki ap kalkile.

Se pa premye fwa moun nan Plèn nan ap kouri. Men fwa sa a, se tankou yon operasyon « netwayaj » ki ap fèt. Fanm ak timoun sou do, granmoun ap rale sou pye, popilasyon Sarthe la ap kouri kite kay yo san yo pa konn kote yo prale. Pandan tan sa a, « otorite » defakto yo enstale nan biwo yo nan Pòtoprens, yo ap gade dezas la sou rezo sosyal san yo pa janm bay yon kominike solid, alewè pou yon entèvansyon sekirite.

« Nou pa konn si se gouvènman an ki lage nou, osinon si se gang yo ki tounen gouvènman, »deklarasyon yon sitwayen ki ap kouri ak yon ti valiz sou tèt li.

Sa ki pi chokan nan kriz sa a, se moman atak yo rekòmanse ak plis fòs la. Depi kèk tan, gen yon gwo mobilizasyon ki ap fèt pou fòse otorite yo relouvri Ayewopò Entènasyonal la nèt, pou pèmèt peyi a respire yon ti jan. Kòm pa azar, se nan moman sa a gang yo deside « limen dife » nan zòn ki toupre ayewopò a ak wout ki mennen ladan li.

Anpil obsèvatè ap poze tèt yo kesyon: Èske se pa yon politik kalkile pou anpeche vòl yo reprann?
Èske gen enterè kache ki vle pou ayewopò a rete fèmen?
Poukisa se kounye a atak yo vin pi rèd, jisteman nan perimèt sekirite vòl yo?

Lè yon gouvènman pa ka sekirize yon perimèt estratejik konsa, sa vle di de (2) bagay: swa li konplis, swa li pa gen okenn pouvwa ankò. Nan de ka yo, se pèp la ki ap peye po kase a.

Sarthe ak zòn anviwon yo ap tounen yon « No Man’s Land ». Kay ap boule, biznis ap pyeje, e sa ki pi tris la, lekòl ak lopital pa ka fonksyone. Silans otorite defakto yo devan masak sa a se yon lòt krim sou konsyans yo. Pandan yo ap pale de « tranzisyon » ak « eleksyon » nan bèl otèl, san ap koule nan lari Sarthe.

Jodi a, popilasyon an pa mande gwo diskou ankò. Yo bezwen konnen: poukisa nou kite gang yo fè lalwa? E si nou pa kapab sekirize menm pòtay antre peyi a (Ayewopò a), ak ki dwa nou ap pretann dirije yon nasyon?

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Kidnapin: Kidnapin lan tounen pi rèd, yon polisye ak pitit li tonbe anba grif kriminèl

Pandan popilasyon an te ap espere yon souf anba zak vyolans yo, reyalite a vin …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager