Ayiti/denonsyasyon: Popilasyon an akize majistra Gaston Estimé kòm gwo abizan pouvwa nan komin Sen Lwi dinò.

Sitiyasyon an ap vin pi konplike chak jou nan komin Sen Lwi dinò, kote abitan yo ansanm ak yon gwoup jèn nan zòn nan ap leve vwa yo byen wo pou denonse majistra Gaston Estimé. Selon temwayaj plizyè moun nan zòn nan, majistra a konvèti meri an an yon pwopriyete prive kote li ap dirije ak «gwo ponyèt» depi plizyè lane, san okenn kontwòl ni kont randi bay kominote a.

Selon deklarasyon jèn yo, reprezantan meri a ap itilize fòs lapolis pou fè represyon ak entimidasyon sou sitwayen yo. Plizyè moun rapòte ke gen yon sistèm arestasyon mas ki ap fèt san okenn rezon legal, kote anpil abitan jwenn tèt yo dèyè baro tou senpleman paske yo pa gen yon pyès idantite sou yo nan moman an. Men, sa ki pi grav la, moun yo rapòte ke se gwo kantite lajan yo mande fanmi yo pou yo kapab libere sitwayen sa yo, yon pratik ki sanble ak ransonnen.

Pou kenbe kontwòl sou operasyon sa yo ak anpeche okenn relasyon solid fòme ant polisye yo ak popilasyon an, jèn yo akize majistra a kòm moun ki konn fè chanje manm « bakòp » lapolis la prèske chak semèn. Aksyon sa yo kreye yon klima laterè ak ensekirite nan mitan abitan yo ki santi yo anba yon rejim diktatè nan pwòp komin yo.

Yon lòt pwen ki revòlte popilasyon an se lonjevite majistra sa a nan tèt enstitisyon an. Yo fè konnen Gaston Estimé nan tèt meri a depi nan epòk ansyen prezidan René Garcia Préval, sa ki montre yon absans total alternans ak kontwòl demokratik nan komin an.

Pase yo pa kapab sipòte sitiyasyon sa a ankò, jèn yo ak abitan Sen Lwi dinò yo voye yon SOS bay Leta santral la sitou Ministè Enteryè ak Inspeksyon Jeneral Lapolis (IGPNH) pou yo di yon mo, ouvè yon ankèt prese prese, epi mete yon fen nan abi pouvwa sa a ki ap detwi lavi ak libète sitwayen yo nan nòdwès peyi a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Saison cyclonique dans la Caraïbe : Vigilance météorologique maintenue et pluies orageuses sur la presqu’île

En cette période automnale marquant habituellement le pic de vulnérabilité aux intempéries dans la Caraïbe, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager