Jounalis ak ansyen sekretè Deta Kominikasyon, Eddy Jackson Alexis, mouri nan lannwit vandredi 20 pou louvri samdi 21 novanm 2026 la, apre li te fin viktim yon malèz kadyak. Malgre yo te kouri mennen li lopital an ijans, li pa rive viv.
Dapre enfòmasyon ki sikile nan mitan pwòch li yo, ansyen pòtpawòl gouvènman an te gen pwoblèm sante depi yon bon bout tan. Li te menm deja sibi plizyè entèvansyon chirijikal anvan malèz sa a te vin pote li ale.
Eddy Jackson Alexis kite yon gwo vid nan sektè medya yo an Ayiti, kote li te konsakre plis pase ven (20) lane nan lavi li. Li te fè non li nan metye a kòm repòtè, kote li te travay nan plizyè gwo estasyon radyo nan kapital la, pami yo Radio Kiskeya ak Radio Solidarité.
Nan milye jounalistik la, anpil kòlèg te rekonèt li pou eksperyans li sou teren an ak konesans li nan dosye politik ak sosyal peyi a.
Anplis travay li kòm jounalis, Eddy Jackson Alexis te mete konpetans li nan sèvis administrasyon piblik la. Li te okipe pòs Sekretè Deta Kominikasyon epi li te jwe wòl pòtpawòl gouvènman an, yon fonksyon kote li te gen responsablite pou li kominike sou desizyon ak aksyon Leta ayisyen.
Disparisyon li reprezante yon pèt enpòtan pou fanmi li, pwòch li yo, ansanm ak tout kòporasyon jounalis ayisyen yo.
Echojounal echojounal.net