Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Patrick Pélissier, pa te rankontre prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, pandan patisipasyon li nan IIyèm Konferans Entènasyonal sou Leta ak Demokrasi ki te fèt nan peyi Salvadò 16 ak 17 novanm pase a.
Dapre enfòmasyon sous diplomatik fè sikile, prezidan Nayib Bukele ta pran distans li ak dirijan ayisyen yo. Chèf Leta salvadoryen an ta sispèk otorite ayisyen yo gen konplisite ak gang ame ki ap simen latwoublay nan peyi a.
Pozisyon sa a ta baze sou plizyè rapò Nasyonzini (ONI) deja pibliye sou lyen ki egziste ant kèk aktè politik ak gwoup ame nan peyi Dayiti. Epitou, li ta pran an konsiderasyon dènye deklarasyon Olmo Alix Fils-Aimé, frè Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, ki te deklare nan laprès salvadoryèn nan semèn pase a ke chèf gouvènman ayisyen an antretni relasyon ak bandi — akizasyon ki poko gen prèv materyèl ni desizyon lajistis ki konfime yo
Okòmansman, se Premye Minis de facto a, Alix Didier Fils-Aimé, ki te anonse pou li al reprezante Ayiti nan konferans sa a. Sepandan, dapre menm sous yo, li te oblije anile deplasman an nan dènye minit paske prezidan Bukele te refize ba li odyans.
Nan absans chèf gouvènman an, se Minis Patrick Pélissier ki te mennen delegasyon ayisyèn nan. Pandan sejou li, li te rankontre vis-prezidan Salvadò a, Félix Ulloa, ansanm ak omològ salvadoryen li, Minis Jistis ak Sekirite Gustavo Villatoro, ki te menm fè l vizite gwo prizon sekirite maksimòm CECOT la.
Malgre frèt diplomatik sa a ki ta sanble egziste nan nivo prezidansyèl la, de peyi yo kenbe koperasyon militè yo kote plis pase 2 000 sòlda salvadoryen ap opere an Ayiti pou ede konbat ensekirite a.
Echojounal echojounal.net