Ayiti/Manifestasyon: Popilasyon an pran lari nan Pòtoprens, lapolis fè li jan blan an mande a.

Plizyè milye moun pran lari jounen mèkredi 2 avril 2025 lan pou mande manm « Konsèy Prezidansyèl chak moun fè ti kout yo » ak premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé pou met sekirite nan peyi a oubyen pou yo kite pouvwa a.

Yon manifestasyon lapolis pa te pran tan pou te kraze ak gaz lakrimojèn e tire anpil kout bal anlè nan nivo boudon ak Kafou Miso, manifestan yo ki te vin an kolè te lanse anpil pawòl piman bouk kont yo e denonse lapolis ki toujou di yo pa jwenn lòd pou atake bandi yo, yo pa gen materyèl men, yo toujou jwenn lòd ak materyèl pou kraze manifestasyon popilasyon an jan blan an mande yo li a. Manifestan yo anonse plizyè lòt mouvman nan jou yo pou fòse gouvènman defakto a tande vwa yo

Nou ap fè ou konnen se twazyèm manifestasyon kont ensekirite a ke lapolis rive kraze.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Haïti/Politique: L’ambassadeur du Canada brise l’omerta sur la « justice de façade »

‎Dans une sortie médiatique d’une virulence rare pour le milieu diplomatique, André François Giroux, ambassadeur …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager