AYITI/KRIZ: GWO REVELASYON SOU AVYON KI RESEVWA BAL PANDAN LI TA PRAL ATERI NAN ÈPÒT LA.

Ansyen polisye Jimmy Cherisier ke tout moun konnen sou non Babekyou ki, se prezidan ann menm tan pòt pawòl gwoup ame « Viv Ansanm » mande pou genyon ankèt serye e nan piwo nivo ki fèt pou konnen kijan avyon yo fè rive resevwa bal pandan yo ta pral ateri nan èpòt la jou ki te 11 novanm 2024 la.

Selon Babekyou ki tap patisipe nan emisyon « Boukante lapawòl » sou radio Mega, mesye « Viv Ansanm » yo pa tire sou avyon men, yo te nan batay ak lapolis, mesye lame yo pa twò lwen èpòt la, li fè konnen sèvis entelijans li ki anndan èpòt « Toussaint Louverture » a rapòte li ke se polisye yo ak mesye lame yo ki fè aksyon an paske yo pa ka goumen ak ekip « viv ansanm » nan, yo fè sa jis pou blan an aji.

Jimmy Cherisier asime tout deblozay ki genyen nan peyi a depi 11 novanm 2024 la kote kay ap boule nan ba Dèlma, nan Vivy Mitchel, nan zòn « Sarthe » pou site sa yo, bal ki ap tire prèske nan tout kwen nan kapital la se gwoup « Viv Ansanm » ki ap frape, li anonse gen plis dega ki pral fèt toujou nan plizyè lòt zòn nan peyi a, selon sa li fè konnen kesyon avyon resevwa bal la pa gen anyen pou wè ak yo.

 

About Echojounal

Check Also

À Limonade, plus de 500 jeunes réunis pour la première journée du Forum du Leadership des Jeunes en Haïti

Limonade, 10 décembre 2025 — Le Campus Henri Christophe de Limonade a accueilli ce mercredi …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager