Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) mete men anba kòlèt plizyè endividi ki te vin pran refij nan « Baz Mikanò », yon zòn popilè nan katye Platon, nan komin Jeremi, dapre enfòmasyon korespondan rejyonal nou fè nou jwenn.
Kè sote devan prezans moun sa yo yo konsidere kòm sispèk, abitan nan katye a leve kanpe pou bay fòs lòd yo jarèt nan operasyon rechèch ak fouy ki te ap kontinye pandan jounen vandredi 20 novanm 2026 la.
Nou ap siyale katye Platon sa a se zòn kote delege depatmantal Grandans lan, Polémon Michel, gen gwo baz politik li tou.
Echojounal echojounal.net