LEMOND/ AKSIDAN: TRANT KAT (34) MOUN MOURI NAN YON AKSIDAN MACHIN NAN PEYI BOLIVI.

Pou pi piti trant kat (34) moun mouri nan yon aksidan yon « Autocar » lendi 12 jiyè  2021 an nan peyi Bolivi, seri machin sa yo itilize pou fè wout lwen yo nan peyi sa daprè esplikasyon otorite woutyè yo.

Daprè deklarasyon chèf polis an aprè woutyè nan peyi Bolivi, Jaun Lusi Cuevas, fè konnen bis sa ki woule nan yon ravin lakoz trant kat (34) moun mouri ak dis (10) lòt blese, pandan li presize machin sa woule nan yon ravin.

Sou bò pa li, José Luis Asaff, ki se chèf polis woutyè « Chuquisaca » ki nan Sid Bolivi, fè konnen bis sa ki woule a kraze nèt epi kèk videyo kite moutre kèk kadav viktim yo ki te kouche atè aprè asksidan sila a.

Nou ap fè remake, nan dat twa mas pase a yon gwo aksidan ki te fèt sou wout « Santa Cruz » ak » Cochabamba » te lakoz venteyen (21) moun mouri .

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …