AYITI/ EDIKASYON: » EGZAMEN KLAS TÈMINAL YO BYEN DEWOULE NAN DEPATMAN NIP », DAPRÈ DEKLARASYON DIREKTÈ EDIKASYON NIP LAN ODEL JOSEPH.

Egzamen ofisyèl klas Filo ak nouvo segondè 4 (NS4), byen dewoule nan tout 11 komin depatman Nip lan, selon enfòmasyon direksyon depatmantal Nip ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl.

 » Tout bagay yo te byen dewoule, kandida yo te byen konpoze », daprè deklarasyon direktè depatmantal Nip ministè edikasyon an Odel Joseph, fè konnen se te gen yon total 84 kandida kite absan nan egzamen an ane sa. Odel Joseph, pilwen felisite konpòtman kandida yo te genyen pandan tout dewoulman egzamen an.

Direktè Odel Joseph, ki raple egzamen pou ekòl nòmal enstitè ( ENI) ak Sant edikasyon familyal (CEF) yo ki te kanpe 22 jiyè 2021 an, nan okazyon fineray ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse ap kontinye lendi 2 Dawou 2021 an nan depatman ak nan rès peyi a.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …