KIDNAPIN: YO JWENN KADAV GUNTHER WIDMAIER NAN ZÒN PÈLEREN YÈSWA.

Apre moun yo pa idantifye te fin kidnape Gunther Widmaier ki se premye pitit direktè radio Metropole la Richard Widmaier depi kèk jou, yèswa ki te vandredi 29 jwen 2018 la nan zòn Pèleren yo jwenn kadav la.

Selon enfòmasyon yo ravisè yo te mande anpil lajan pou te libere Gunther Widmaier, malgre anpil negosyasyon tap fèt pou te jwenn liberasyon li, ravisè yo touyel epi lage kadav la nan zòn Pèleren kote yo ta pral idantifye kadav la ki se pitit direktè radio Metropole la, pou kounye a okenn deklarasyon poko fèt ni bò otorite yo ni bò fanmi Gunther Widmaier.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …