AYITI/ENSEKIRITE: SITYASYON TANSYON NAN KÈK ZÒN NAN REJYON METWOPOLITÈN NAN.

_Peyi Dayiti, patiklyèman kèk zòn nan rejyon metwopolitèn nan leve anba gwo tansyon, gwo kout zam k ap tire jounen jedi 2 septanm nan._

Sityasyon an difisil pou moun frekante kèk zòn kapital peyi a jounen mèkredi a. Nan zòn avyasyon gen kout zam k ap tire, wout bloke. Daprè enfòmasyon yo, se ta mesye G-9 an fanmi e alye ki dèyè tout sa yo.

Nan komin Kwadeboukè sityasyon an pa diferan. Nèg 400 mawozo yo sèl kòk chante, se yo k ap flannen nan tout rejyon an.

Nan rive pave, anba lavil gen gwo panik tou. E moun k ap gen pou frekante zòn sa yo dwe fè anpil pridans. .

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …