AYITI TANSYON: GWO DEBLOZAY NAN PEYI A TOUT WOUT BLOKE, YON MOUN MOURI APRE GOUVÈNMAN AN FIN ANONSE OGMANTASYON PRI GAZ LA.

Yon nòt ki pote siyati minis ekonomi ak finans lan Jude Alix Patrick Salomon epi minis komès ak endistri a Pierre Mary Du Meny anonse piblik la ke gaz la ap monte a pati de sèt (7) jiyè 2018 la.

Yon nouvèl ki tonbe sou rezo sosyo yo tankou yon bonm nan moman ekip Brezil la ap pran gòl nan men ekip Bèljik la epi elimine nan konpetisyon an, tout moun, ti machann, chofè machin tap kouri nan tout sans pou rantre lakay yo pou pa viktim de kòlè kèk moun nan popilasyon an ki fache kont desizyon sa ki pran pou gaz la monte a.

Plizyè zòn nan peyi a tankou dèlma, Petion Vil, Wout frè, Kafou, Kwadèboukè poun site sa yo anba barikad, kawotchou ap boule, wòch, boutèy ap voye,katouch ap tire, tout moun oblije pran a pye pou rantre lakay yo. Nan zòn Sanfil yon jèn gason mouri anba bal.

Pou kounye a galon gazolin nan pase a twa san nèf  (309) goud, Galon dizèl la pase a desan swasann kat (264) goud epi kewozèn nan desan swasann de (262) goud.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …