Prezidan repiblik la Jovenel Moïse prezante premye minis nome a Jean Henry Ceant bay nasyon an ayè madi 7 out 2018 la nan palè nasyonal.
Yon seremoni te òganize ayè nan palè an prezans divès pèsonalite tankou prezidan sena a Joseph Lambert, prezidan chanm depite a Gary Bodeau, Prezidan CSPJ a mèt Jules Cantave, wo eta majò lame a, chèf polis la Michaël Gédéon ak plizyè gwo tèt nan leta a e nan sosyete sivil la.
Prezidan repiblik la mande premye minis nome a Jean Henry Ceant pou lal travay poul bay sitwayen yo konfyans nan leta a, redui koripsyon pou soulaje mizè malere yo, jere kesyon salè minimòm nan mete ansanm sendika a ak patwon yo paske sa ki vin nan men ouvriye yo twò piti.
Prezidan an mande pou limyè fèt sou lajan petro karibe a pandan li mande pou enstitisyon yo fè travay yo lib jan la lwa mande sa. Pou eleksyon yo rive fèt nan mwa oktob 2019 kap vin la se kèk nan rekòmandasyon prezidan repiblik la fè ak premye minis nome a Jean Henry Ceant.