AYITI/DWA MOUN: KOLEKTIF DEFANSÈ PLIS MANDE OTORITE YO POU PALE AK OTORITE AMERIKEN YO POU KANPE DEPÒTASYON YO.

_Kolèktif defansè plis, òganis ki ap fè pwomosyon e defann dwa moun endiye parapò ak sityasyon imanitè malouk konpatriyòt ayisyen yo ap viv sou fwontyè amerikano-meksiken an depi plizyè semèn. Nan yon nòt Kolektif Defansè Plis fè soti, li mande pou otorite ayisyen yo rantre an kominikasyon ak otorite ameriken yo pou kapab kanpe sou depòtasyon an e pwofite tou fè apèl ak komisyon enteramerikèn dwa moun nan kad dosye migran yo._

Sityasyon malouk konpatriyòt ayisyen yo ap viv anba ponp Del Rio nan Texas fè anpil lapèn. Sa ki pi bay plis tranche a, se jan yo ap voye ayisyen yo vini an. Nan sans sa, Kolektif Defansè Plis mande pou otorite ayisyen yo antre an ijans nan yon tètatèt ak otorite ameriken yo nan sousi pou kanpe sou depòtasyon an. » Otorite ayisyen yo dwe antre an kominikasyon an ijans ak otorite ameriken pou yo kapab kanpe sou depòtasyon yo », egzije òganis k ap fè pwomosyon ak defann dwa moun nan ki, an menm tan, raple migran ayisyen sa yo ki soti nan yon pakèt peyi nan amerik latin nan, nonsèlman gen timoun sou bwa yo, men yo travèse yon pakèt peyi a pye, pase nan forè pou yo ka rive Etazini pou kondisyon lavi yo ka amelyore.

« Kolektif Defansè Plis fè apèl ak komisyon enteramerikèn dwa moun ki gen sig la an fransè (CIDH) epi ak biwo rapòtè espesyal sou dwa migran yo nan kad dosye sa », ekri nan nòt la.  » Sityasyon migran yo nan peyi amerik latin yo merite yon atansyon espesyal bò kote kominote entènasyonal la. Li dwe bay bourad ak peyi ki konsène yo nan trete moun ki imigre yo ak diyite », fè konnen, pi lwen, òganis k ap defann dwa moun nan.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …