AKÒ ARIEL HENRY :ÒGANIZASYON FANM KI TE SIYEN AKÒ A LANSE KANPAY MOBILIZASYON POU YO CHWAZI REPREZANTANT YO POU METE NAN KEP A

Òganizasyon fanm ki te siyen akò politik Ariel Henry a, lanse, jounen vandredi 1 oktòb 2021, yon kanpay mobilizasyon nan tèt kole ak plizyè platfòm fanm nan dis depatman peyi a pou yo chwazi moun ki pou reprezantan yo nan konsèy elektoral pwovizwa a( KEP ).

« Nan yon arete ki soti lendi 27 sektanm, gouvènman repiblik la ranvwaye KEP a. Sa vle di, arete 18 sektanm 2020 an ki te nonmen nèf manm KEP yo pa alamòd ankò », daprè Novia Augustin

Madam Augustin fè konnen, pi lwen, jan sa prevwa nan atik 14 akò a, gouvènman an pran dezisyon pou li kreye yon konsèy elektoral pwovizwa ki genyen yon pakèt reprezantan tankou reprezantan konferans episkopal, reprezantan òganizasyon fanm, reprezantan pwotestan, reprezantan sektè vodou, reprezantan asosyasyon patwon medya elatriye.

« Òganizasyon fanm ki siyen akò a, nan lide tout moun ladann, mete kanpe depi plis pase 2 semèn yon kanpay mobilizasyon pou mete ansanm ak lòt platfòm fanm nan tout peyi a pou nou chwazi yon fanm pami plizyè lòt pou al reprezante nou nan KEP a », esplike Novia Augustin

Òganizasyon fanm nan mete yon ansanm kritè sou pye pou yo chwazi fanm sa. » Li dwe gen pou piti 40 lane, fòk li pa t janm renonse ak nasyonalite, fòk li gen yon diplòm Inivèsitè, fòk li manm yon òganizasyon fanm, fòk li gen pou piti gen 15 òganizasyon fanm ki sipòte kandidati l, li dwe onèt e kredib, li pa dwe manm okenn pati politik osnon gwoupman politik e fòk li gen kapasite pou li travay sou presyon », selon Novia Augustin.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …