AYITI POLITIK: APH PRÈ POU LI BAY YON VÒT FAVORAB AK ENONSE POLITIK JENERAL PREMYE MINIS NOME A.

Pi fò depite pare pou vote Jean Henry Céant, daprè prezidan APH la.

Prezidan Alyans Palmantè pou Ayiti ( APH) nan chanm depite a Jean Wilson Hypolite , fè kwè ayè lendi 13 dawout la majorite nan kòlèg li yo deja pare pou bay premye minis nonmen an yon vòt favorab .

Depite leyogàn nan di se 15 depite selman ki kite APH sou 71 manb kite konpoze blòk la.

Jean Wilson Hypolite mande premye minis deziye a pa pran pawòl nan men okenn depite ki vle negosye pòs ak li.

Depite ansafolè a Louis Marie Bonhomme, sou bò pal , siyale sitiyasyon kritik peyi a ap travèse dènye jou sa yo.

Fas ak tout pwoblèm sa yo , depite Louis Marie Bonhomme panse palmantè yo dwe byen analize Politik jeneral Jean Henry Céant pral prezante devan asanble a pou konnen si lap ka pote solisyon nan tout pwoblèm kap brase bil popilasyon an.

Kervens Louis

Kervenslouis459@gmail.com

+509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …