AYITI SEKIRITE: LAPOLIS LANSE YON OPERASYON KI RELE « BOUKLE LARI. »

Direksyon depatmantal lwès ( DDO) la anonse ayè lendi 13 out 2018 la ke (3000) twa mil polisye pral mobilize nan finisman vakans la nan kad yon operasyon ki pote non  » Boukle lari a »

Plizyè wo grade nan lapolis la ap akonpanye ajan ki pral sou tèren yo daprè nouvo pòtpawòl PNH la , Mickerlange Louis Jeune.

Chèf kabinè Direksyon depatmantal lwès la, Jean Ismagne Auguste esplike << DDO ap dekoupe zòn metwopolitèn pòtoprens la pandan operasyon sa kap dire tout rès peryòd vakans la>>.

Operasyon sila fèt nan lide pou make prezans lapolis sou tèren an , rapwoche polisye yo ak popilasyon an épi pèmèt sitwayen yo fè aktivite san kè sote , toujou daprè esplikasyon Jean Ismagne Auguste.

Kervens Louis
Kervenslouis459@gmail.com
+509 44120020

Kredi foto: Ticket M

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …