AYITI/ENSEKIRITE: LA POLIS METE LAPAT SOU SIS (6) PREZIME BRAKÈ NAN VIL KAP AYISYEN

Lapolis nan depatman nò arete sis (6) endividi Ak zam, ki tap eseye brake moun ki sòti nan yon sikisal « unibank » ki twouvel Okap ayisyen, nan ri 18 A.

Sitwayen sa yo ki jwenn arestasyon nan kout filè sa se  JEAN Dieulisma, 37 lane, CADET Willy, 31 lane, DAMUS Jean Jonel, 46 lane, JEAN LOUIS Joanem Gerson, 41 lane, JOSEPH Mackenson, 27 lane ak OSCAR Laguerre, 47 lane de (2) pami yo JEAN LOUIS Joanem Gerson ak Oscar La guerre se residivis, yo fè tantativ brakaj nan plizyè zòn, endividi sa yo te sispèk nan lanmò pè Réné Sylvestre ki tap sòti nan yon bank 6 septanm pase a.

Yon lot kote direksyon depatmantal polis nasyonal nò a (DDPNH) endike yo sezi 2 zam ilegal, 2 machin,2 livrè bank (youn se BNC ,Youn se UNIBANK), senk (5) telefòn pòtab, yon sachè ki gen ladanl yon mouchwa rouj ak 6,325g, 4 katouch 9 milimèt nan chosèt Cadet Willy.

Polis nasyonal dayiti (PNH) fè konnen Pou kounyeya yo ap reponn kesyon devan kèk anketè, sou divès dosye spesyalman lanmò pa bal prèt Réné Sylvestre 6 septanm 2021 ki sot pase a.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …