Minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP), Nesmy Manigat enstale jounen madi 7 desanm 2021 an nouvo sekretè Leta pou alfabetizasyon an, Sandra Jacques Suzette Michel Saint-Georges.
« Yon granmoun ki alfabetize e ki gen metye nan men li ka pote anpil bourad nan jefò kap fèt pou chanje figi sistèm edikatif la e nan devlopman peyi a », daprè responsab MENFP la, mesye Nesmy Manigat ki, pi lwen, te pwofite okazyon pou salye madan Michel Saint-Georges ki eksperimante nan kesyon alfabetizasyon an.
Nouvo sekretè Leta pou alfabetizasyon an, madan Michel Saint-Georges fè konnen li konte sou kolaborasyon tout aktè yo pou ranfòse pwogram alfabetizasyon nan peyi a, rapòte biwo kominikasyon ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl.
Jackson junior Rinvil