LEMONN/DIKTA: PREZIDAN KOREDINÒ A ENTÈDI PÈP LA RI AK BWÈ ALKÒL PANDAN ONZ JOU

Kim Jong-un, prezidan Koredinò a nan okazyon komemorasyon dizyèm anivèsè lanmò papa l Kim Jong-il, entèdi pou moun ri, bwè alkòl ak eskprime okenn jès lakontantman pandan onz jou.

17 desanm 2021 an ki pral vini la pral bay Kim Jong-li dis (10) lane depi l te mouri. Nan okazyon komemorasyon dizyèm anivèsè lanmò sa, moman dèy nasyonal, k ap bout 28 desanm pwochen pèsòn pa gen dwa ni ri, ni bwè alkòl ak ni bay blag pou lajwa pa blayi.

Daprè sa ka di sou listwa peyi a, gen yon pakèt moun yo te akize kriminèl ideyolojik e mete yo anba kòd jis paske yo t ap ri ak bwè alkòl

Dirije Koredinò depi nan lane 1994 pou rive 2011, ki se lane li mouri a, Kim jong-li gen yon gwo pwen sonm pandan peryòd li t ap dirije a kote gen yon pakèt milyon moun ki te mouri anba yon famin soti 1994 pou rive 1998, daprè sa anpil medya entènasyonal rapòte.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …