AYITI AKTYALITE CHEZ BA

SITYASYON PANIK SOU WOUT 9

Enfo: Elèv lise Duvivier yo bloke wout 9 byen bonè maten an nan blòk Duvivier pou egzije leta ba yo pwofesè, elèv yo te voye wòch ak boutèy sou machine ki tap tante pase nan zòn nan, lapolis te oblije tire anlè e lanse gaz pou dispèse yo.

 

TANSYON NAN TI RIVYE

Enfo; Gwo panik, van tansyon nan ti rivyè Nip Maten Mèkredi 28 Fevrye 2018 la kote popilasyon an okipe beton pou mande leta ranje wout ti rivyè a siklòn Mathiew te kraze a. Yon manifestasyon ki vire nan yon veritab  gè ant lapolis ak manifestan yo,anpil kout wòch marye ak kout zam, sa ki lage gwo kè kase nan ti rivyè.

 

LEH SOTI YON NOT POU LA PRES

Enfo ; Direksyon jeneral LEH la soti yon nòt pou la près pou denonse yon rezo malfektè ki fè fo badj ak fo so pou al kreye panik ak dezòd nan bank bòlèt nan 4 kwen peyi a sou non LEH la. Direksyon an mande la polis pou chache moun sa yo e remèt yo bay jistis pou zak yo. Direksyon jeneral LEH la mande otorite yo pou ranfòse yo  pou yo ka ranfòse jwèt aza nan tout peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …