AYITI KRIZ: KADINAL CHIBLY LANGLOIS MANDE POLITISYEN YO PRAN CHIMEN DYALÒG.

« Dyalòg, , sesèl mwayen kikapab pèmèt peyi a soti nan kriz li ye jounen jodia ». Sa se pawòl kadinal chibly Langlois fè sou antèn yon radyo nan depatman sid la.

Manm konferans episkopal la ki kwè se yon pwoblèm konfyans ki anpeche lidè yo chita sou menm tab pou jwenn yon solisyon ak kriz la envite tout manm sosyete sivil la ak manm sektè prive a enplike yo plis nan chache solisyon ak pwoblèm peyi a.
Evèk okay la estime tout moun dwe pran konsyans ke yo kontribiye nan mete peyi a nan sitiyasyon difisil li ye jounen jodi a e ke se sipò nou chak kap retirel ladanl.
Pi lwen , kadinal la fè konprann menm dosye petro karibe a ka rezoud nan chita pale.
Li souliye ke konferans episkopal la deja prè pou yo patisipe nan tout dyalòg kap fèt pou soti peyi nan sa li ye jounen jodia la.

Nap fè remake prezidan peyi a Jovenel Moise nan plizyè entevansyon l fè ak nasyon an dil angaje premye minis lan poul chita pale ak tout sektè. Pa twò lontan la, la prezidans bay ansyen senatè sid Gabriel Fortuné manda pou chache jwenn yon antant ak tout aktè politik nan chanjman peyi a.

Gédéon DELVA, aken

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …