AYITI JISTIS/BRANDT: YON SISPANSYON DODYANS POU MADI 15 JANVYE.

Madi 08 Janvye 2019

Lajistis nan vil gonayiv pran yon sispansyon dodyans Pou jounen Madi 15 Janvye kap vini la daprè desizyon jij Pierre Michel Denis ki syeje nan kad afè Sila.
Desizyon sa pran daprè jij Denis,sepou egzije komisè gouvènnman gonayiv la me Sérard Gasius pou ekri komisè gouvènnman kwadèboukè a,(Croix des bouquets) pou pèmèt mr Comé kise yon eleman kle nan pwosè a prezante nan tribinal la daprè sal fè konnen.

Yonn nan avoka mr Brandt yo me Marc Antoine St vil kidil koube anba desizyon jij la tout fwa kwè sa pat nan konpetans jij la,anplis pa gen anyen ki di sa Edner Comé pral di devan tribinal gonayiv la ap verite akoz ankenn jij pat ko tandel ni vèbalize sal te di nan kabinè denstriksyon.

Alòske pou Me Adisson Dirogène kite reprezante ministè piblik nan odyans lan li salye desizyon jij la piske prezans Comé ansyen chofè ak sekirite Clifford Harry Brandt kidayè denonse pa ansyen patwonl kise Brandt, kòm moun kite planifye kidnaping lan answit mande 2 milyon dola vèt nan dat 16 oktòb 2012 pase a nan kapital la.

rolguydocteur@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …