AYITI LEH: DIREKTRIS LOTRI LETA PEYI DAYITI A BAY DETAY SOU ATAK  KI TE FÈT SOU YO A.

Nan yon konferans pou la près ayè madi 26 fevriye 2019 la direktris lotri leta peyi Dayiti Margareth Fortuné reyaji sou zak briganday ki te fèt sou lokal lotri a nan pako jou ki te lendi 25 fevriye 2019 la kote yon ekip nèg te debake bay presyon kraze sistèm kamera yo ak kèk vit epi deranje skanè  anpwent digital la pou site sa yo.

Direktris la ki pat pran wout pa bwa akize moun sa yo de patizan PHTK ki te goumen pou mete prezidan repiblik la Jovenel Moïse sou pouvwa a kòm moun ki te atake lokal lotri a, selon direktris la militan sa yo te jwenn sipò kèk anplwaye nan lotri a e si lapolis pat rive atan bagay la te ka pi grav.

Direktris la fè konnen li te resevwa uit (8) milyon goud pandan peyi a te lòk la ke ministè finans te debloke pou peye anplwaye yo ki selon DG pa reprezante anyen paske anplwaye yo pa touche depi uit (8) a onze (11) mwa. Li mande prezidan repiblik la pou jere militan PHTK yo pou zak sila yo pa repete ankò e li mande premye minis la Jean Henry Ceant pou pran responsabilite li pou pwoteje lokal la ak anplwaye yo.

Pou fini Direktris la mande tout responsab ak mèt jwèt aza nan peyi a pou yo pase vin peye se sa kap pèmèt enstitisyon an byen mache.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …