AYITI/ENSEKIRITE: SOURIT MÒDE PYE CHEF BANDI VILAJ DE DYE A ANEL AK BAL.

Yon gwoup bandi ki gen nan tèt li Dieufort ak yon bandi ki rele Sourit blese chèf gang Anel Joseph epi sezi twa (3) zam pou ansyen chèf bandi Vilaj de Dye a ayè dimanch 15 jwen 2019 la pandan youn tap tire sou lòt pou yon kesyon konntenè nan depatman Latibonit lan.

Anel ki tap reyaji sou radyo Tèt a Tèt nan vil Senmak konfime ke yon bal flote pye li pandan li tap twoke kòn li ak gwoup Ti Sourit la ki te vle pran yon konntenè ke li te voye chache, bandi an fè konnen li pa gen zo kase li fenk kare nan goumen li mande pou tout moun ki abite pre bandi sa yo pou bay zòn nan paske nèg yo pran twa (3) zam pou li depi yo pa remèt li yo lap met zòn nan cho ak katouch.

Anel menm menase bloke wout nasyonal la si li pa jwenn zam yo, li fè konnen li gen tout bagay lakay li e li gen pwòp lopital li pou lè yo blese.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …