AYITI VIZIT: PREMYE MINIS LAPIN FÈ YON KOUT PYE NAN KOUT PYE NAN KOU SIPERYÈ DÈKONT.

Premye minis Jean Michel Lapin fè yon kout pye vandredi 28 jwen 2019 la nan kou siperyè dèkont e kontansye pou kapab jwenn plis detay sou menas plizyè jij ap sibi dènye jou sa yo.

Premye minis lan fè vizit sa apre plizyè jij ki te travay nan dènye rapò kou siperyè dèkont soti nan jesyon lajan petwokaribe a ap resevwa anpil menas e menm gen jij ki gentan met van nan vwal yo, premye minis lan pwomèt leta ap pran tout dispozisyon pou garanti bon jan sekirite jij yo pou yo kapab fè travay yo jan sa ta dwe fèt.

Jean Michel Lapin mande jij kap sibi menas yo pou yo pote plent yon fason pou yon ankèt kapab mennen pou dekouvri moun ki kache dèyè zak sa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …