AYITI JISTIS : 140 NOUVO AVOKA PRETE SÈMAN NAN VIL TIGWAV.

140 Jèn gason ak jèn fanm prete sèman nan tribinal premye enstans  vil Tigwav  kòm avoka vandredi 26 jiyè 2019 la.

Plizyè otorite nan sistèm jidisyè vil Tigwav te prezan nan seremoni  sila tankou dwayen tribinal la Me Fritzner Duclair, komisè gouvènman vil la Me Fourgy, batonye a Me Alcide ak plizyè lòt, kote 140 jèn fanm ak jèn gason prete sèman epi antre nan bawo jiridiksyon an.

Dwayen  tribinal la Fritzner Duclair ki te pran la pawòl fè konnen wòl avoka a se bay jij yo limyè nan tribinal yo men se pa yon raketè ni yon bwasè kap bwase moun,  li pa gen pou li ap chache pou li rich men pou li gran, li dwe pran travay li oserye pandan li dwe respekte tout règ yo.

Komisè Fourgy bò kote pa li felisite nouvo avoka yo pou efò yo fè pou rive antre nan bawo a, li ankouraje pou yo spesyalize yo avan li swete yo siksè nan karyè yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …