AYITI/SOSYAL: ÒGANIZASYON SOSYAL (OFE) DISTRIBIYE MATERYÈL ESKOLÈ.

Òganizasyon fanmi ak Espwa (OFE) fè distribisyon materyèl eskolè ak ti moun ki pral lekol pou ane akademik 2019-2020 an// nan kad yon aktivite yo òganize ki batize « Ann ede jèn paran yo voye pitit yo lekol nèf (9) » jounen samdi 7 septanm 2019 la

Marie Cécile Luxamar Charles kowòdonatris òganizasyon sila, nan entèvansyonl fè konnen objektif (OFE) se pote akonpayman bay jèn paran ki pa gen mwayen pou reponn ak bezwen pitit yo epi pwofite pou fè konnen se gras ak sipò biwo premyè dam nan Martine Moïse e fèb mwayen yo genyen ki pèmèt jounen an yon reyisit.

Pilwen Paolo Charles pòt pawòl òganizasyon fanmi ak Espwa a, pwofite pou di ide pou kanpe (OFE) se aprè tout etid yo fè kote majorite jèn fi ak gason ki fè pitit pa gen mwayen pou reponn ak bezwen yo.

Pou fini Paolo Charles fè konnen rèv òganizasyon an ap karese jodia se pou jenerasyon aprè yo ka pi byen ekilibre.

 

Otè:Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …