TI MO SOU DWA: KISA YON MANDA YE, KONBYEN TIP MANDA KI GENYEN?

Manda se yon lòd pa ekri yon ofisye nan polis jidisyè a emèt kont yon moun.
Gen 4 tip manda.

1) genyen manda konparisyon : se lè yon juj oubyen yon komisè envite yon moun oubyen sitwayen vin kotel nan burol a yon dat , lè elatriye poul ka jwenn esplikasyon sou yon dosye oubyen sou yon zak yo ta akize moun sa.

2) genyen mada damne : jan mo a dil la ANME selè ofisye ki nan polis jidisyè a voye al chache yon moun mennen bali. Swa aprè plizyè manda konparisyon oubyen  zafè a grav.
Tip manda sa sesèl juj enstriksyon an kika voyel. Komisè gouvènman ka voyel selman lè gen flagran deli.

3) manda darè : se lè ofisyè polis jidisyè a bay lòd al arete yon moun pouli.

Manda depo: se lè, pa egzanp, yon jij te envite yon moun, li komanse tandel epi li vin konstate ka grav, li pa vle kite moun sa ale, li fè yon manda ki rele MANDA DEPO poul ka tou kenbe moun sa.

Se 4 tip manda sa yo ki egziste.

Janm te di sa anlè a, se sel jij enstriksyon an ki ka voye tout tip manda sa yo. Sesak fè yo relel jij ki fèt pou manda menm.

Mesi deskew tap aksepte swiv ribrik sila a. Randevou jedi pwochen pou yon lot ribrik sou lalwa.

Gédéon DELVA, jiris-jounalis

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …