AYITI/EKONOMI: SOFIDAI POKO RESEVWA YON GOUD NAN  BRH.

Nan yon sikilè BRH mete deyò li demanti enfòmasyon ki ta fè kwè ke SOFIDAI jwenn plizyè milye goud nan men bank lan kontrèman ak sa senatè Youry Latortue fè konprann.

« SOFIDAI pa nan lis konpayi ki dwe benfisye nan 13,2 milya goud BRH te dekese 31 jiyè 2019 pase a », deklarasyon gouvènè bank la Jean Baden Dubois.

Daprè gouvènè a lajan sa te debloke se pou finanse plizyè pwogram ki te komanse aprè tranbleman tè a yon fason pou diminye kantite montan kredi an favè moun kap evolye nan sektè pwodiktif; fè pwomosyon pou relanse aktivite ekonomik yo, favorize estabilite pri pwodwi yo elatriye.
Jean Baden Dubois fè konnen SOFIDAI jwenn afilyasyon bank lan menl poko ka resevwa kob nan men leta.

Nan sa ki gen pou wè ak moun ki fè pati konsèy administrasyon SOFIDAI la e ki nan Agritans tou yo, Jean Baden D. Fè konnen travay yap fè a se yon travay teknik, depi moun nan respekte sa la lwa di , egzijans la lwa li kwè pa gen pwoblm nan sa.

Nap fè remake se Pierre  Richard Joseph,  Vassor Jeune , Kerlande Metayer Joseph ak Édouard Clément ki fòme konsèy administrasyon SOFIDAI a. Se menm moun sa yo tou ki nan tèt konsèy Agritans,  yon sosyete kigen non l site nan rapò lakou dèkont sou gaspiyaj lajan petrokaribe a.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …