AYITI/ENSEKIRITE:YON KRIMINÈL KI RACHE PLIZYÈ MACHANN ANBA KOUT MANCHÈT NAN MEN LAPOLIS.

Francky MERGÉLUS rache twa (3) machann anba kout manchèt nan mache kominal Gonayiv nan depatman Latibonit pou jodi madi 29 Oktòb 2019 la.

Non machann ki tal chache lavi ki rive viktim anba kout manchèt kriminèl sa se:
Honorat ROGES, Jonas FRANÇOIS avèk Guerda BRUNEL.

Apre popilasyon an mete men sou Francky MERGÉLUS sakajel anba baton pou machann li rache yo e menm rive blesel apre remèt li ak lapolis, nan ti entèvansyon li rive fè pou li pale, kriminèl la ta fè kwè li pat gen bon sans li sou li pandan li t’ap fè zak sa sou machann yo apre yon moun ta metel an kòlè.

Pou kounya Francky MERGÉLUS sou kontwòl lapolis ki te mennenl al pran swen lopital apre pou kapab al reponn kesyon lajistis pou zak li fè kote li rache plizyè machann.

N’ap raple viktim yo ap resevwa swen lopital kote genyoun nan yo nan ki nan yon eta ki trè grav.

Otè: Jemsley JOSEPH

Gmail: josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …