AYITI/POLITIK: ANSYEN DEPITE PLEZANS PILAT LA KI SE AKTYÈL DG KONPAYI DIYITE REYAJI SOU KRIZ KAP RAVAJE PEYI A.

Ansyen depite Plezans-Pilat la ki se aktyèl direktè konpayi sèvis transpò eskolè Diyite, Jean Mandenave reyaji sou kriz kap ravaje peyi a nan yon konferans pou laprès jounen jedi 5 desanm 2019 la.

Direktè jeneral la mande yon chita pale ant opozisyon an ak pouvwa a pou jwenn yon solisyon nan kriz la pou pèmèt aktivite yo reprann nan peyi a kote tout timoun yo kapab retounen lekòl.

Direktè Mandenave fè konnen konpayi eskolè Diyite pare pou li akonpaye timoun yo nan lekòl yo jan sa konn abitye fèt e se misyon konpayi a.

Ansyen palmantè 45èm lejislati a wè trè mal politik kap fèt nan peyi a depi 1986 kote yo pa janm kite yon prezidan fè tout mandal, selon ansyen depite a pratik sa pa bon, se sa ki mete peyi a nan eta li ye la jounen jodi a.

Ansyen depite plezans-pilat la kritike tou politik opozisyon an ki selon li menm ki mete peyi a nan plis chomaj,ensekirite ak plis mizyè, kote yo anpeche timoun al lekòl, sitwayen paka al nan aktivite yo akoz barikad ki sèvi blokaj nan anpil andwa , yon politik barikad ki lakoz bandi nan chak kwen nan peyi a ap dechèpiye popilasyon an ,atake yo elatye.

Se dyalog,tèt ansanm nan mitan tout aktè politik yo kap kapab fè lapè tounen nan peyi a pandan chèf leta Jovenel Moise ap pran responsablite l pou fè peyi fonksyone pliske pèp la te bal yon manda ki dwe respekte.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …