APLSEH BAY YON KONFERANS POU LA PRES POU MANDE PREZIDAN REPIBLIK LA PWOGRAM EDE PEP LA.

« Association pour la Libération Socio-Economique des Haïtiens « (APLSEH)  bay yon konferans pou la près ayè nan lokal EDE PEP la ki plase nan ri kapwa pou mande prezidan Repiblik Dayiti a, Jovenel MOÏSE pou li voye zwazo li  pote pwogram EDE PEP la  lakay malere ak malerèz yo .Epi yo pwofite voye yon kout chapo 9.9 pou tout moun kipa jwenn EDE PEP la, men ki toujou la pou pote soutien ak yo.tankou: Medam chanmas yo, G4, Kaonabo,bLAPE Roz ak tout lot yo.

Kòdonatè Joseph CARLO, Sekretè Laurette Jean Jacques,Trezorye Kina LACOMBE, Pòt pawòl Dany JOSEPH, Konseye Betty PAUL ak Konseye Julio BORGELLA ki nan tèt òganizasyon sila a (APLSEH). Òganizasyon an lonje lendèks yo sou Chartelier a kifè yo travay san touche, li kadnase pòch li ak lajan karavan lan pandan tipèp la pa jwenn yon ti dlo sikre alevwa yon pla cho.

Asosyasyon sila a mande chef Leta a pou li pa bliye kotel te di kantin yo nan reparasyon, pandan
Setan direktè sa li nome a fè kizin mobil yo fè abtinans epi sa ki poko fin kraze yo arenye dòmi sou yo,ak yon douzèn tèt kamyon ki gen pa gen batri.

Asosyasyon an mande : demisyon machann kit faes yo.
Reparasyon pòs nan 2 enstitisyon sa sa yo: FAES ak DLCP pou militants phtk yo epi pou pwogram sosyal la rive atè.

Reparasyon kizin mobil yo prese prese, entegre tout moun ki t’ap travay ladan’l ak panye solidarite yo, epi retire separasyon kit yo nan men direktè Pino

Fè distribisyon pla cho ak kit alimantè yo nan katye popilè yo, jan administrasyon Marttely Lamorthe la te konn fè a , pou lansman pwogram sosyal yo byen pase pou pa gen rèl kay makorèl. Pou Ayiti vanse.

Jean Gardy CELESTIN
Tel: (509) 4777-7958

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …