AYITI/JISTIS: PAKÈ KWADÈBOUKÈ MANDE LAPOLIS FOUKE KOMEDYEN MATYAS.

Jean Frantz TOUSSAINT tout moun konnen sou non komedyen MATYAS youn nan jèn ki nan kan opozisyon an ap konnen gwo pwoblèm avèk lajistis kote li t’ap reyaji sou sa avèk dlo nan zye sou yon Radyo nan kapital ayisyèn nan.

Nan sa li fè konnen ki ta lakoz dlo sa k’ap koule nan zyel la se daprè yon manda amne pakè Kwadèboukè mete dèyèl nan angajman li pran pou defann popilasyon an, manda sa vini apre komedyen an ta ranplase jèb flè prezidan repiblik la avèk delegasyon li ta depoze nan St Christophe pou rann omaj avèk tout moun ki te mouri nan tranblemantè 12 janvye lane 2010.

Manda sa ki gen pou wè toujou avèk komedyen Matyas kòm moun ki nan zak malonèt anplis k’ap kraze moniman piblik, sa ki lage komedyen an nan gwo tristès pou di li pa merite sa.

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …