AYITI/DIPLOMASI: SAN YON ANTANT ANT AYISYEN YO PEYI A PAP JWENN OKENN ÈD NAN MEN USAID.

Peyi Etazini fè konnen ayè mèkredi 15 janvye 2020 an si pa genyon antant nan peyi Dayiti ant lidè yo epi pwoblèm sekirite a pa rezoud, Ayiti pap ka jwenn okenn èd nan men USAID.

Ou kapab li nan twit sa « Toutotan pa gen yo antant politik e toutotan kondisyon sekirite a pa amelyore, pèp ayisyen an pap ka jwenn tout avantaj pou li ta jwenn nan pwogram @USAID yo. Kle avni Ayiti nan men aktè politik yo. Yo dwe aji kounye a.
– @JBarsaUSAID »

Nouvèl sa ta pral soti nan yon twit ke anbasad peyi Etazini nan lakou peyi Dayiti fè nan lang kreyòl ak fransè nan mitan jounen mèkredi a, nap raple mezon blanch genyon sèl pozisyon depi lè kriz la kòmanse ki se dyalòg, plizyè diplomat ameriken deja pile sòl papa Dessalines nan epi chita pale ak aktè politik yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …