AYITI/DYALÒG: YON FANM AYISYÈN DESIDE PALE AVÈK TOUT POLITISYEN NAN PEYI DAYITI

Pou sòti nan silans li fanm vanyan Ayisyèn madam Evonie Geoges AUGUSTE bay yon konferans pou laprès jodi Mèkredi 12 Fevriye 2020 an nan Delma 83 nan lokal restoran bar and Grill pou reveye konsyans pèp ayisyen an.

Fanm djanm ayisyen an pwofite pale de tèt li kote li di li fèt nan lane 1956 e li grandi sou rejim diktati Divalyeris kote li viv anpil abi men pèsòn pat ka pale, sèlman sa anpil nan popilasyon an te kafè se sove kite peyi a al chache yon vi miyò nan lòt peyi men apre rejim diktati Divalyeris la apre kèk ane sitiyasyon pèp ayisyen an vin tounen apse sou klou kote tout kouch nan sosyete a pa inosan nan sa k’ap rive peyi a.

Aprè tout konsta li fè nan sa k ap di nan sektè politik la depi plizyè ane moman rive tout bon pou pran konsyans pou sòti Ayiti nan gwo lanfè li twouvel jounen jodi a.

Sitwayèn Ayisyen angaje pou goumen pou ede Ayiti sòti nan kriz konplike li ye a kontinye pou di aktè politik yo sispann bay youn lòt chay pote men travay pou fè devlopman avèk pwogrè nan peyi a, prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE tankou tout lòt otorite p ap ka chanje peyi a pou gen yon meyè vi si se pa nan tèt ansanm sa rive, se vre chak moun gen enterè pa yo men enterè nasyon ayisyèn nan avan tout bagay.

Akoz tout moun pa pran responsablite yo sa lage peyi a nan yo gwo twou malè kote fanmi, lekòl, legliz, ekonomi, politik, sante, sosyete sivil la, elektrisite echwe nan misyon yo poutan zansèt yo pat travay pou peyi a rive eta sa.

Afè piti pa ka pase anba gwo a dwe fini, li pa dwe kolòn ki bat, sistèm nan dwe chanje pou tout moun jwe wòl yo dwe avèk jwi swè travay yo dwe fè nan enterè tout moun, sispann rete sou kominote entènasyonal sa ki konn nesesite pèp ayisyen an vre men aji an Ayisyen konsekan pou ede peyi nou daprè sitwayèn angaje Evonie Georges AUGUSTE.

Evonie Georges AUGUSTE mande tout moun respekte konstitisyon peyi a epi pran konsyans pou chanje sa, li mande espasyalman fanm parèy li yo leve kanpe pou sove peyi a paske yo se youn nan fòs ki kapab reyalize rèv pèp ayisyen an.

Pou fini militant pou chanjman mande premye minis a.i Jean Michel Lapin chita avèk CSPN nan pou jwenn yon solisyon avèk zak ensekirite a k ap fini avèk pèp ayisyen an sa k ap sispann mete dlo nan zye popilasyon an epi pran chemen dyalòg paske Ayiti pa ka mouri.

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …