AYITI/PNH : ANPLWAYE ONA DELMA 17 YO KONNEN YON MOMAN NWA ANBA MEN POLISYE FANTOM 509 YO.

Mesye a kagoul ki idantifye tèt yo kòm polisye yo fè anplwaye Dèlmas 17 yo konnen yon moman nwa jounen lendi 27 avril 2020 an kote yo atake enstitisyon an sila ak anpil vyolans pou te fòse malere malerèz ki te vin chache lavi kite espas la anba gaz katouch ak anpil presyon.

Mesye sa yo te itilize anpil fòs ak zam gaz lakrimojèn pou te antre anndan ONA a epi bay moun kap travay anndan enstitisyon an kou menm fanm pat epanye anba men yo rale zam sou yo tire nan tout direksyon pou te fè moun yo kouri, yon sityasyon ki ta pral mete vi anpil moun an danje gen anplwaye ak asire ki ta pral pèdi konesans anba gaz lakrimojèn ak tout kalite presyon mesye ki di yo se polisye yo, yo menm pran kèk dosye nan biwo yo ale avèk yo e voye jete.
Yon zak ki ta pral pouse anpil moun poze tèt yo kesyon ki vrè wòl lapolis la nan dènye jou sa yo? Ki misyon yo gen pou ona? Lè nap raple ONA vini avèk yon pwogram pou yo ki rele ONA lapolis. Nan revandikasyon yo anndan bwat la yo ekri ke yo pa bezwen ona polisye.

Apre yo kite biro ONA yo te plonje sou wout Delmas ak menm presyon an fòse moun ba yo lari anba gaz katouch, yo te itilize plizyè machin pami yo yon toyota plak SE 07110 ki li menm chaje nèg ak zam kagoul ki tap tire nan tout direksyon epi fòse chofè moto fè ti machann kouri mete kawotchou nan tou kwen yo pase, yo te desann nan finans kote yo mete dife nan plizyè machin ki te kanpe nan espas la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …