AYITI/VYOLANS: YON JOUNALIS RADIO TELEVISION CARAIBES KONNEN YON LANNWIT 28 AVRIL 2020 NWA ANBA MEN LAPOLIS.

Nan lannwit 28 avril 2020 an jounalis radio television caraïbes Georges Allen konnen yon moman nwa nan zòn Dèlmas 33 pandan li tap sot travay.

Jounalis la pran anpil chaplèt nan men polisye yo ki ta fè konnen jounalis la ta fè yon kontravansyon paske li pa respekte « couvre feu » a, yon kontravansyon ke jounalis la pat aksepte paske li fè konnen li genyon lese pase sa ki ta pral lakoz gwo bouch louvri ant jounalis la ak polisye yo ki te pran plezi bat li.

Jounalis la ki te an kolè apre kou yo tal chache defann li ak yon klewou ke li di li tal pran nan machin li sa ki te pouse polisye yo plis malmennen jounalis la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …